Gwo bri vwa n anpeche lemonn dòmi


5

Lespri m fè lagè avèk kò m,
Nanm mwen senyen,
San koule jouk latè inonde.
M poko trepase, vwazinay gentan pote dèy.

Vwa m anpeche lemonn dòmi !!!

Nou rele jouk nou anwe,
Chak lò lanjelis fin tonbe.
Nou kriye sekou, asasen kraze pòt,
Asasen nan koridò, asasen bare chimen.

Nou rele jouk nou anwe,
Sila yo ki nan gwo sonmèy
Pa tanmen louvri popyè ;
Pa gate rèv yo, zafè kabrit pa zafè zwazo.

Nan frape pòt vwazinay,
yo lage chyen.
Chili plenyen, Brezil bougonnen,
twòp zwazo sanzabri anpeche yo pran souf.

Gwo bri vwa nou anpeche lemonn dòmi.

Mwen !!!!
M pa vle ofanse Bondje
Men se li menm ki pou ta di m pou m kwè,
Si ti bout tè bò isit pat joure manman l,
Traka se sa nou konsève, mizè se sa nou sanble.

Lejou nou te parèt
Nou te gentan vle disparèt,
Tout vizyon n se pati lwen,
Nou panse nwa nou reve blan.

Nou kase kòd,
Van bwote n san destinasyon.
Lanmè manje nou vant deboutonnen,
Lakay pran move nouvèl
Yo monte tonnèl,
Danse rasin , bwè tafya;
Twa kout rèl ase pou rann yon dènye omaj.

Gwo bri vwa n anpeche lemonn dòmi !

Se te menm bri yo nan 1804 la,
Ki vin bay menm bri yo nan 2004 la.
Jodia se menm bri yo pou diri avèk  ti gaz la.

Bò isit, gwo krim pouse lafimen.
Ti lezany dezan pa jwenn pitye.
Lesyèl frape pye l,
Lakay kriye san jouk li anemi.

Nan lakou isit , jistis se plen panyen,
Trape jistis fòk ou gen monnen.
Nèg yo bwè lèt jouk yo gen djare,
Lepèp mouri san pale, pitit li asasinen l.

Lavi chè pete fyèl, pouvwa plen pòch jouk nan gòj,
Lamizè bay lepèp baboukèt.
Si granravin swaf li pa jwenn dlo,
Leta pa ka anpeche l bwè san.
Si matisan swaf li pa jwenn dlo
Lapolis pa ka anpeche l bwè san.

Evènman gou fyèl
Chavire listwa n bouch anba.
1804 pèt konesans,
Bwa kayiman danse kòve,
Vètyè wont leve tèt .

Lepèp kriye jouk li anwe,
Dlo je l tounen larivyè,
Pou bwote l pi lwen lakay.

Bwat leta tèt san sèvèl,
Abolotcho nan siwo myèl,
Konesans peye frekan,
Pi gwo djòb se yon baton krè,
Lajenès kriye isit,
Y al siye dlo nan je lòtbò fwontyè .

Lekòl nasyonal pèdi  fren,
Edikasyon san direksyon.
Nou tchawoute nan silabè wazinay je pete klere,
Zanfan yo anfouye nan listwa san limyè.
Twòp jeyaga plen tèt san konprann,
Nou kalote lasyans san rezon.

Pa bò isit ,pi bèl melodi
Se lè bal tonbe chante.
Lakansyèl jwenn rival li nan chak branch trip pandje
K ap navige sou lanmè wouj.
Nan konte kadav bonnanj nou pati,
Simityè fache,
Batwè machwè l fatige nan kraze zo,
Twòp sèkèy ,twòp kadav bay vant balonnen.
Nanpwen  plas !

Mèt viktim lan koule kafe pou san l,
Mèt krim lan koule tafya nan klan l.

Nou leve nan mitan kriminèl,
Dòmi nan san pa fè nou pè.
Nou fin zanmi ak dechoukay,
Koupe tèt pa fè nou pè.
Nou fin zanmi avèk reken,
Tonbe nan lanmè pa fè  nou pè.
Nou fin zanmi avèk lanmò,
Mache sou kadav pa fè  nou pè.

Nou rele jouk nou anwe,
OEA  fè lasoud zorèy.
Nou rele jouk nou anwe,
ONU fè tankou l nan gwo sonmèy.
Nou rele jouk nou anwe,
Bank mondyal kontinye penpennen.

Kriye anpil pa leve lanmò ;
Revolisyon an se denye zèl kat nou.
Wonn solidarite a se sèl  espwa n,
Sinon  n ap kontinye rele jouk nou  anwe,
Gwo bri vwa nou ap kontinye anpeche lemonn dòmi.

Bickenson AGOCY

Partagez l'article sur...

Like it? Share with your friends!

5
Bickenson AGOCY
Étudiant finissant en Sciences Juridiques à l'École de Droit et des Sciences Économiques des Gonaïves, Étudiant en psychologie au Campus Henry Christophe de l'Université d'État d'Haïti à limonade (CHC-UEH-L), Bickenson, dit Soleil de minuit, est un jeune écrivain et poète haïtien qui s'engage dans la production littéraire: la lecture et l'écriture.

21 Comments

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

  1. Bo bo yon trè bo tèks m felisite otè a pou bon travay sa menm kan Lekòl nasyonal pèdi fren,
    Edikasyon san direksyon. Men gen jèn ki gen direksyon

    1. Monchè ou pa bezwen di,tèks sila son kout plim ki marye ak pwezi…kout plim sayo ra,kenbe la nèg pa.pa janm bouke ekri toutotan plim ou ap vomi lank kouzanm.

  2. Tèks la touche m
    Li make reyalite n
    Gwo kesyon an se jiskilè nap sispann trennen
    Jiskilè nap sispann vye pay nan laye diri blan je tounen

    Kontinye konsa AGOCY

  3. Tèks la tèlman touchem
    Li fè dlo kouri zyem.
    Sim pa mete kansonm nan tay,
    Douvanjoum ka pèdi batay.

    Mèsi zanmi nou Agocy
    Menmsi mkonnen l pa sifi.
    Kontinye chimen an na ekri
    Pouw toujou fè nou plezi.