Si Ti Pyè te yon entèlèktyèl Ayisyen


3
Si Ti Pyè te yon entèlèktyèl ayisyen

Si Ti Pyè te yon entèlèktyèl ayisyen,
Deja, li t ap twouve non Ti Pyè a twò raz,
Li t ap boukante l pou yon lòt gwo non etranje :
Yon non Anglè, Panyòl, Alman oubyen chinwa !
Li pa t ap dakò yo rele l Ti Pyè senp konsa ;
Li t ap egzije yo mete yon tit devan non l :
Monsieur, mèt, pwofesè, dirèk, dòk, elatriye.
Li te ka bay tèt li nenpòt tit, san bezwen fè okenn etid :
Agro, enje, adm, jounalis, lidè, oubyen militan !

 

Si Ti Pyè te yon entèlèktyèl ayisyen,
Li t ap chaje papye : Atèstasyon, sètifika, diplòm, elatriye.
Li t ap pase tout tan l lekòl, nan fè lèkti ak nan seminè,
Li pa t ap gen tan pou li aprann metye manyèl.
Li t ap twòp pou tè, li t ap panse li fin konnen,
Se franse, laten ak lòt lang etranje li t ap pale sèlman.
Li t ap resite yon pakèt gwo pawòl ki sòti nan gwo liv,
Li t ap tounen jako repèt nan resite teyori ki sòti lòtbò dlo ;
Teyori ki pa gen anyen pou wè ak reyalite lakay li.

 

Si Ti Pyè te yon entèlèktyèl ayisyen,
Aprè tout pakèt etid, li t ap vin chita sou kont paran l,
Li te ka al travay nan faktori oubyen al fè kou nan lekòl.
Li te ka tou vin chita nan jwe domino, bwè kleren nan baz,
Jwe bòlèt, jwe paryaj « Foot-ball » oubyen tounen atis (rapè) !
Li pa t ap leve ni lou ni fay, petèt sèl nan sal espò (Gym).
Avèk 2 po dèyè l, Ti Pyè t ap chaje fanm nan tout peyi a.
San travay, san senk kòb, san vizyon, san lespwa,
Li te ka menm rive fè pitit ; chay pou paran l pi rèd ankò.

 

Si Ti Pyè te yon entèlèktyèl ayisyen,
Li te ka chache yon fason pou l pa dòmi deyò,
Li t ap mete ak kèk lòt endividi, menm plim menm plimay,
Yo t ap monte yon asosyasyon oubyen yon pati politik,
Yo t ap mache mande an anglè nan ekri pwojè tèt anba.
Yo t ap aktif sèlman lè gen manifestasyon ak eleksyon.
Ti Pyè t ap tounen espesyalis nan monte barikad, nan di aba,
Ak nan fè eslogan, fè refren chante pou manifestasyon.
Kèk tan aprè, li t ap menm kandida pou tout pòs nan peyi a.

 

Si Ti Pyè te yon entèlèktyèl ayisyen,
Li te ka petèt mouri pòv ak tout pil konesans li yo
Oubyen li te ka chape poul li kite peyi a pou ale nan paradi :
Sendomeng, Chili, Brezil, Etazini, Kanada, Lafrans, elatriye.
Sou 2 pye l, sou lanmè, nan forè, nenpòt fason li t ap jete l.
Konsa tou, Ti Pyè te ka batay pou twouve yon djòb politik,
Nenpòt pòs, depi gen kote pou banbile, pou dechèpiye.
Li t ap bliye tout sa li te aprann sou ban lekòl, tout teyori yo.
Li t ap tounen gwo ekspè nan fè zewo tounen uit.

 

Si Ti Pyè te yon entèlèktyèl ayisyen,
Li pa t ap pèdi tan l nan ekri yon tèks an kreyòl ;
Se t ap gwo franse, gwo mo ak anpil sitasyon gwo ekriven,
Se t ap gwo refleksyon foulozofik, yon pakèt pil teyori ;
Tit tèks la sèlman t ap twòp pou tiye moun ak tèt fè mal,
Li te ka ekril an laten, an grèk oubyen an franse premye syèk.
Si Ti Pyè te yon entèlèktyèl ayisyen,
Li te ka pa fason nou sot site yo, li te ka diferan (mirak).
Li te ka kèk nan yo sèlman, konsa tou, li te ka (prèske) tout.

 

Boutofen, Si Ti Pyè te yon entèlèktyèl ayisyen,
Li te ka nenpòt moun, nenpòt kote, nan nenpòt kondisyon,
Li te ka tankou mwen, tankou ou, tankou nou tout.
Li te ka tout bagay, eksèpte…

 

Bon… An nou imajine, e si se te Asefi ?
Si Asefi te yon entèlèktyèl Ayisyen,
Koze yo t ap anpil nan larepiblik, li te ka…
Antouka, mwen kite w pou fè imajinasyon w travay.

 

Robinson ACHILLE, yon Ayisyen

Partagez l'article sur...

Like it? Share with your friends!

3
Robinson ACHILLE
Licencié psychologie au Campus Henry Christophe de l'Université d'État d’Haïti à Limonade (CHC-UEH-L), manager de réseaux sociaux, passionné des recherches scientifiques, rédacteur en chef et responsable de publication à LIRE AU MAX, Robinson s'engage à encourager la lecture et l’écriture, surtout chez les jeunes.

2 Comments

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *