Lang kreyòl se richès


0

Nan yon kontèks difisil, kote yo te kreye divisyon nan lide pou pa janm gen tèt ansanm, yon zouti lengistik pral devlope. Se te nan tan lakoloni, kolon blan yo ak bouwo nwa yo te konplote pou kenbe esklav yo te depote soti nan bout tè lafrik nan yon sèvitid jeneralize. Nèg lafrik ki se pitit bèso limanite te jwenn yon mwayen pou kominike malgre yo te sele lespri yo epi yo te bride bouch yo. Menm si yo pa t soti nan menm tribi sa pa t vle di yo pa t sibi menm sò. Kondisyon lavi yo tout te difisil sitou pou sa k t ap travay nan chan. Yo te sekle, yo te plante san yo pa t gen dwa rekòlte. Yo t ap mennen yon lavi nan di ak anpil desepsyon, imilyasyon san konte mezi baton yo pran si yo te tante plenyen mizè y ap sibi. Bagay la te grav.

Se konsa nan fè tèt travay, yo kreye yon dyalèk ki te pèmet yonn konprann lòt. Se te la lang kreyòl vin pran nesans. Kreyòl se yon lang ki pran nesans nan soufrans, nan san epi anba imilyasyon. Se ak kè sere lè n pran tan pou n gade jan moun alèkile ap imlye yon lot pou tèt li pale Kreyòl. Se yon mank konesans ak rekonesans ki fè nou menm ansyen esklav pa valorize kilti lang kreyòl nou an.

Kreyòl se yon lang ki fragil anpil, si ou pa pran san w ou ka di betiz. Gen plizyè tip kreyòl nan yon pakèt bout kwen sou latè. Kreyòl nou pale bò isi se Kreyòl ayisyen. Sa pa anpeche se pa nou tout ki pale l menm jan. Paske nou pale diferan, sa konn lakòz nou pa konprann menm jan. Men, lè nou kontan oubyen nou fache, ou pa bezwen ale lwen nenpòt kijan w ap wè se ayisyen ki la.

Nan sa ki konsène pwezi, pa gen lang ki pi bèl pase lang kreyòl. Chak mo se tankou rekèy ki reveye kiryozite nou. Richès powetik makonnen ak sans imou ki kache dèyè chak fraz nou repete pwouve aklè dimansyon bon konprann ak respè sans sakrifis zanzèt yo pou bay nou eritaj sa. Se pou sa nou gen yon misyon pou nou bay patisipasyon n nan fè lemonn konn valè ak dimansyon ki fè fòs lang ak kilti nou. Manje kreyòl yo se defi lezòm, yo bon tankou yon bèl fanm kreyòl.

Lè n ap plenyen mizè nou, nou jwenn rekonfò nan chak ti mo nou itilize pou eksprime soufrans nou. Lè kè nou kontan, nou toujou jwenn yon pwovèb kreyòl ki chaje ak bon konprann ki p ap kite n plonje jis pou n bliye tèt nou.

Nati nou, nanm nou, orijin nou melanje ak listwa n montre nou se yon pèp kreyòl. Se kreyòl nou ye. Ayibobo pou tout zantray ki te bay trip yo pou nou ka jwi jodi a bèl zouti lengistik sa. Se tout yon fyète pou nou pèp ayisyen nou gen pwòp lang nou. Se pa tout pèp ki gen chans sa.

Kreyòl pale, kreyòl konprann. Se kreyòl nou ye !

Joanes JEAN

Partagez l'article sur...

Like it? Share with your friends!

0
LIRE AU MAX

« LIRE AU MAX » est un site web administré par des jeunes professionnels et universitaires haïtiens. Nous nous sommes donnés pour mission de produire et de mettre à votre disposition des textes et des articles diversifiés afin que chacun puisse y prendre goût et s'y retrouver. N'hésitez pas à nous contacter pour toute remarque, suggestion ou conseil. "Lire pour luire". Bonne lecture !

0 Comments

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *