BWA NOU TOUT KALE


2

Yon kokenn chenn ekspresyon tou nwa ki vini pou wete respè ak politès nan fason nou konn di bonjou ak orevwa. San konte mo ak fraz yo antere. Nou te ka pa posede lò ak diaman men lang sa ki prèske fin tounen annanfans, se te sèl mèt verite nan raple n ki moun nou ye, ki kote nou sòti. Nou toujou ap pase douvan lòt yo pou kokote, san konnen se nou ki lakòz, pa janm p ap reve kay vwazen, touye dis leve youn se ale pou n ale. Pa janm sonje chita kay kanmanrad, tann soupe pa ede ou bat fè nwa. Sa ki pou pat fèt la fèt. Se yon wana k ap pase pran yon chawa pete nan kafou kat chimen! Yo ap fè yon lòbèy atè plat pou fè n wè bwa nou tout kale. Avan yè ak yè se te mal ak pi mal, jodi an ak demen se yon manje aswè san sik. Bon, èske nou mèt tèt nou ? Osinon kiyès ki gadò nou ? nenpòt ti krik ! krak ! granbrenn yo fouye bouch nan zafè n ou pata di s on mò ki ale ki pa kite byen. Abolòtcho ! abolòtcho ! kabrit nwa a te pou kenbe avan l fè nwè. Pitit nasyon an fin tounen mafweze nan chèche reyisi nan yon peyi ki fin echwe, lè se pa sa son lòt ki tounen malfektè pou pwòp manman l ak papa l. Sa fè lontan son katouch ranplase anbyans koudyay ak bann rara! Kounya se rèl kap fèt, yon chan pèpetyèl san mizik.

Bwa kale sa, se yon dans san tanbou, se yon lannwit san douvanjou, se asyèt san manje, se yon pete kriye san dlo nan je. Se konm si m ta di w se yon tanbou kap chèche bouk tout dansè kontredans. Yon bann politisyen  ap banbile sou tè papa Desalin nan, tankou se chwal k ap galonnen apre bourik fin travay, se vòt mil goud, demokrasi tentennad, yon politik zo mangay. Se yon bwa kale kap fouye kò l nan tout twou, fwa sa pa p gen alsiyis! Nan dimansyon nou ye la vwa n fini. Nan bouke eli vlengbendeng, nou pran save, se nan pita nou wè  pale franse pa vle di lespri pou sa. Yo se sèl rakontè nan di kijan n santi n, chita sou wozèt gra kou matchopo, linèt nan machwè, se blòf sou blòf. Men se sa k senyen nan lang, k ap toujou konnen gou san. Pouvwa pa bò isit yo fin pran l pou yon mari salòp, tout dechèpiyè vle yon vye kraze. Janmen panse a grangou sa ki tankou yon asid batri nan trip nou. Pitit malere, malerèz fin sanble ak malswen. Nan grangou, patat pa gen po men se si w trape patat la. Priyè sou priyè, yanvalou sou yanvalou anyen pa janm  chanje. Se pa  jodi a non, tan an kouvri, nou menm bliye koulè ak lajè lalin midi. Chay sa nan pwen twokèt pou li. Yo di poul la ap vale grenn li kapab kaka, nou pa konn sa n vale. Pouse sou pouse anyen pa janm soti. Se tray melanje ak lawont makonnen ak mechanste, grangou, la mizè, lareziyasyon, tèt chaje epi touni n ap di nan yon sèl ale. Bwa kale !

Pou sila yo ki mouri san yon tere ak sila yo, yo te tere tou vivan.

ORESTE Jefté Ismaël

Partagez l'article sur...

Like it? Share with your friends!

2
LIRE AU MAX

0 Comments

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *