Lock-titude


2

Depi Aprè evènman 6, 7 jiyè 2018 yo, yon pakèt mo rantre nan vokabilè kotidyen pèp ayisyen an. Pami yo nou ka site ravitayman, foulay, oligak, « pays lock », elatriye. Chak mo sa yo gen yon sans byen patikilye nan Diskou yo. Men nou p ap rete sou tout. Ann konsidere lock la sèlman nan seksyon sa. Lock, se mo anglè ki vle di bloke, fèmen. Lè yo di: « pays lock », sa vle di bloke, fèmen peyi. Mo sa vin pran tout fòm li yon lane aprè gwo boulvèsman politik ak sosyal 2019 yo, kote peyi a te fè 4 mwa kanpe, anyen pa t ap mache, anyen pa t ap fonksyone. Tout geto, tout katye, tout blòk te lock. Jou samdi se te jou ravitayman. Yon demi jounen yo te bay pou pèp la t al chèche yon ti manje ak yon ti dlo pou swaf ak grangou pa t pete fyèl yo. Nou p ap sispann mande, Kóman malere fè viv ? Yo pran nan zizirit. Depi epòk sa, nou pa janm pase yon ane san nou pa viv yon moman lock. Prèske chak twa mwa se yon dechoukay, se latwoublay.

Nou ka reyalize Kòman sa boulvèse nou. Se yon sitiyasyon ki oblije w limite deplasman w. Yo enpoze kijan pou w viv. Ala traka, bagay la rèd. Tout moun prèske rete lakay. Yo tout prèske ap plenyen menm bagay. Nou pa ka fè yon pa kita, yon pa nago. Sa ki pi rèd la, se rat kay k ap manje pay kay mele ak yon pakèt nèg wòklò ki Sanble ak banm tèt san kò. Nèg yo ap defann pèp pandan y ap kraze pèp, nou pran nan foulay. Timoun yo ap kriye, granmoun yo ap mande sa k ap pase la ? Toupatou se barikad, se bri bal, se kawotchou k ap boule, ata sou moun yo mete dife. Menm moun ou pa ta panse nan fè zak malonèt sa yo tou. Lapolis vide bal epi mete dife sou yon ti jèn avni peyi a ki te Dezyem loreya depatman lwès nan egzamen filo 2022 yo. Elas ! Se konsa n ap aji. Letènel chéri, aji ! Dirijan m yo banm vag. Bagay sa pa jwèt ankò, se vre bagay la serye. Jan « Richard Cavé » chante l la, nou prèske pa moun ankò. Se vre wi, mwen anvi ba l rezon, bagay yo grav.

Peyi a lock, nou plonje nan lock-titude. Kisa ki lock-titude la ?

Depi kèk lane n ap viv yon sitiyasyon san presedan. Pou ti krik, ti krak ou tande peyi bloke. Nou pa bezwen mande m si gen yon koz ki jistifye sa. Pafwa, pa bezwen gen barikad sou wout la pou deplasman w limite. Nan lespri w ou déjà konnen l bloke. Lè se pa pou ensekirite kriminèl, se kidnaping, lè se pa youn se yon lòt. An nou réfléchi sou kisa ki « lock-titude » la.

« Lock-titude » la se atitid lòk la ki domine lespri nou. Se lè yon moun adopte yon konpòtman ki fè l kwè li konekte ak yon lòt fizikman poutan se nan lespri l selman sa egziste. Se lè w oblije rete lakay pandan w gen volonté pou w te deplase. W ap imaje, w ap panse tout sa w ta fè men peyi bloke. Nan panse w tout plan fin klè, ou trase, ou desine tout sa w pral fè men lè w mete de pye w sou tè ou reyalize ou pa ka fè plan pou lontan paske demen w pa sèten. Lock la vin okipe yon plas nan sèvo n. Ou pa bezwen yon « neurologue » pou w wè sa. Sa vin kreye yon akseptasyon san adesyon chak moun k ap viv nan peyi Dayiti. Lespri nou kòde, nou pa konn jiskilè l ap dekòde. Nou plonje nan « lock-titude ».

San manti, yo toujou di zanmi lwen se lajan sere. Men « lock-titude » la montre nou se manti. Li toujou bon pafwa pou viv yon moman solitid men lè l two dire sa fè pwoblèm paske pwason ki dire nan mache toujou pouri. Nou pa kapab konte konbyen tan moun yo pase sou rezo yo ap kominike, konbyen kè ki sere paske yo pa ka wè moun yo. Se pa de kè ki atriste lè y ap konstate enpuisans yo devan reyalite sa. Moun yo anvi wè moun yo, moun yo pa ka wè moun yo. Kounya se moun ki gen moun bò katye k ap menmen. Se ti fanm bò lakay k ap sove blòdè. Ou wè koze, Sa fè n sonje, nou pa dwe jete chodyè ize pou chodyè nèf. Pa mande m Kóman flannè ak VFK k ap fou lè yo pa ka wè lanmoure ak lanmourèz yo. Kafou dekonekte ak pòtopwens depi plis pase yon lane, nan ka sa, moun ki jalou ka fou.

Lontan, moun yo te konn byen akonpanye men enteryèman yo sèl. Men kounye a, « lock-titude » la fè w akonpanye nan lespri w epi fizikman w sèl. Chak san mèt, yon barikad, se bri bal, se chwazi lavi oubyen lanmou. Poutan pawòl la di, « aimer c’est se perdre soi-même pour gagner celui qu’on aime », men se pa sa ki gen nan moman an. Se yon kesyon de « lock-titude » papa. Mwen pa rantre nan koze moun, men koze sa mande ti chèz. Chita ! Ou mèt tann mwen, m ap vin di w kijan moun y ap plenyen nan lari a. Grenn pronmennen pa bwa pi wo. Male ! M ap vini ak plis koze.

 

Joanes JEAN

Partagez l'article sur...

Like it? Share with your friends!

2
Joanes Jean

Psychologue de formation, homme engagé dans de nombreuses actions communautaires, Joanes JEAN est un amant de la lecture et de l'écriture. Il utilise sa plume pour peindre la réalité et pour essayer de participer au mieux dans la construction d'une nouvelle société.

0 Comments

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *